top of page
Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 4

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 4

SKU : DPGP004
20,00$Prix

Nan kalkile, m rive konprann, nan memwa nou kòm pèp, pa gen okenn souvni tranblemanntè. On dam ki t ap pale ak on repòtè Signal FM esplike li pa t konprann sa k t ap pase lè tranblemanntè a, “M pa konn sa k rele tranblemanntè.” Se vre: pa gen nou youn ki janm tande pale de sa lè n te piti. Li pa nan memwa grandèt yo. Menm lekòl pa janm di nou anyen sou sa. Sa k fè sa? Kote memwa nou? Epoutan, nenpòt ti bout rechèch ap fè n wè gen plizyè tranblemanntè ki fèt sou 2 fay sismik ki nan fondasyon Il Ispayola a, Fay Septantriyonal la (F.S.) ak Fay Anrikiyo a (F.A.): 1842, 1887, 1904 sou F.S. la; 1751, 1770, 1860—anvan kou 2010 la—sou F.A. a. Pou ki sa k fè nou pa gen memwa evénman jeolojik sa yo? Èske se paske nou pa vle chonje? Èske se paske nou te konn reyaji menm jan nou reyaji apre evén­man 12 janvye 2010 la—konmsi se te on chatiman Bondye, fòk nou evite pale de sa?

   Èske nan pwojè edikasyon k ap prepare pou travay refon­dasyon tout moun ap pale a ap gen kèk chapit sou katas­twòf natirèl?

bottom of page