top of page
Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 3

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 3

SKU : DPGP003
20,00$Prix

Otè a sèvi ak lide leve-jwenn nan sans tout bagay nèt nou jwenn ki eg­ziste nan so­sye­te a depi nou gen kon­esans: tan­kou lang, pren­sip, abitid, koutim... Men le­ve-jwenn lan, se pa on ba­gay ki rete kachte nan on bwat: li la nan lavi nou, nou sèvi avèk li, ki­donk li chanje, li adapte, li devlo­pe menm jan avèk nou. Kon­sa chak timoun ki fèt nan on sosyete vin eri­tye leve-jwenn lan nan on pwen nan devlop­man leve-jwenn lan.

   Lè on gwoup moun ki gen menm memwa leve-jwenn vin twouve yo nan on menm peyi, se memwa leve-jwenn yo ki kenbe yo ansanm, se li menm ki pè­mèt lòt gwoup moun, ki gen memwa eritaj pa yo, re­ko­nèt yo kòm on gwoup. Pa­ti ki pi enpòtan nan me­mwa leve-jwenn lan, se lang tout gwoup la pale a: se lang lan ki sèvi kòm siman leve-jwenn lan. Se li menm tou ki pèmèt gwoup la trans­mèt tout pati en­pò­tan nan leve-jwenn lan bay timoun k ap fèt nan gwoup la. Ki­donk, pou gwoup la reyisi nan travay sa a, li enpòtan pou l konprann plas lang lan: fòk tout gwoup la sèvi ak lang lan, fòk li pale l, fòk li ba l va­lè, fòk li pa lage l, fòk li pa voye l jete.

bottom of page