top of page
Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 2

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 2

SKU : DPGP002
20,00$Prix

Lè n ap pale de kreyòl, n ap pale de on lang ki fin fòme, on lang ki majè granmoun. Li gendwa poko rive nan menm nivo de­vlop­man sou plan vokabilè, sou plan gramè ak lang yo kon­sidere kòm gran lang yo; gendwa pa gen ase travay ki fèt pou montre ki jan gramè l mache, osnon dik­syo­nè ki gen nanm sou yo tankou sa egzis­te nan gran lang yo; gendwa pifò moun k ap travay sou kre­yòl se mèsenè lokal osnon entè­nasyonal ki enterese sèlman nan defann patat yo, asire pozisyon yo…

Gen on bagay ki parèt klè: pawoli ki soti nan nenpòt ki lang ki pou plizyè nan nou se on lang eritaj, pou yo ta vin tabli nan kreyòl, lang ki bay memwa nou kòm pèp fòm li genyen an, fòk gen on demach espesyal ki fèt, tankou lè gen pawoli ki al pran on paspò nan men Koupe Klouwe, Siksto, Moriso-Lewa, Koralen, pou m site kèk non, kidonk sanba lapawòl nou yo, on paspò ki pè­mèt yo antre sou teri­twa imaj, koulè, son ki defini nou kòm pèp

bottom of page