top of page

My Items

I'm a title. ​Click here to edit me.

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 4

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 4

Nan kalkile, m rive konprann, nan memwa nou kòm pèp, pa gen okenn souvni tranblemanntè. On dam ki t ap pale ak on repòtè Signal FM esplike li pa t konprann sa k t ap pase lè tranblemanntè a, “M pa konn sa k rele tranblemanntè.” Se vre: pa gen nou youn ki janm tande pale de sa lè n te piti. Li pa nan memwa grandèt yo. Menm lekòl pa janm di nou anyen sou sa. Sa k fè sa? Kote memwa nou? Epoutan, nenpòt ti bout rechèch ap fè n wè gen plizyè tranblemanntè ki fèt sou 2 fay sismik ki nan fondasyon Il Ispayola a, Fay Septantriyonal la (F.S.) ak Fay Anrikiyo a (F.A.): 1842, 1887, 1904 sou F.S. la; 1751, 1770, 1860—anvan kou 2010 la—sou F.A. a. Pou ki sa k fè nou pa gen memwa evénman jeolojik sa yo? Èske se paske nou pa vle chonje? Èske se paske nou te konn reyaji menm jan nou reyaji apre evénman 12 janvye 2010 la—konmsi se te on chatiman Bondye, fòk nou evite pale de sa?
Èske nan pwojè edikasyon k ap prepare pou travay refondasyon tout moun ap pale a ap gen kèk chapit sou katastwòf natirèl?

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 3

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 3

"M sèvi ak lide leve-jwenn lan nan sans tout bagay nèt nou jwenn ki egziste nan sosyete a depi nou gen konesans: tankou lang, prensip, abitid, koutim... Men leve-jwenn lan, se pa on bagay ki rete kachte nan on bwat: li la nan lavi nou, nou sèvi avèk li, kidonk li chanje, li adapte, li devlope menm jan avèk nou. Konsa chak timoun ki fèt nan on sosyete vin eritye leve-jwenn lan nan on pwen nan devlopman leve-jwenn lan.
Lè on gwoup moun ki gen menm memwa leve-jwenn vin twouve yo nan on menm peyi, se memwa leve-jwenn yo ki kenbe yo ansanm, se li menm ki pèmèt lòt gwoup moun, ki gen memwa eritaj pa yo, rekonèt yo kòm on gwoup. Pati ki pi enpòtan nan memwa leve-jwenn lan, se lang tout gwoup la pale a: se lang lan ki sèvi kòm siman leve-jwenn lan. Se li menm tou ki pèmèt gwoup la transmèt tout pati enpòtan nan leve-jwenn lan bay timoun k ap fèt nan gwoup la. Kidonk, pou gwoup la reyisi nan travay sa a, li enpòtan pou l konprann plas lang lan: fòk tout gwoup la sèvi ak lang lan, fòk li pale l, fòk li ba l valè, fòk li pa lage l, fòk li pa voye l jete."

Sa m pral kite dèyè

Sa m pral kite dèyè

Powèt Jeanie Bogart mete nanm li toutouni nan liv pwezi sa a. Menm lè li chante lanmou : bèlte lanmou ak kè fèmal lanmou, piske youn pa mache san lòt, li pa bliye peyi li. Li fè yon rale sou tristès k ap manje kè l lè li wè eta Ayiti ap depafini. Li pa rete la. Li antre anndan rasin li, andan kilti l, li depoze twa wòch, twa rasin. Konsa pa gen dout se yon ayisyen natif natal ki ap fè yon serenad mo sou sa l santi andedan kè l pou tèt li ak pou peyi li.
"nanm mwen pase jounen l
ap karese fèy papye
l ap niche yon bann liv
gwo liv
ti liv
l ap keyi mo
l ap chipe mo
l ap pyese mo
l ap demonte lide
pou l akouche yon zèv
yon lòt eskanp
yon lòt langay
yon lòt mantalite
yon lòt reyalite"

Maurice Sixto: On pwojè etnografik sou bit odyansay

Maurice Sixto: On pwojè etnografik sou bit odyansay

Lè nou pran tan pou nou koute chak istwa Sixto, nou tande on seri tèm k ap rebondi, sot nan youn tonbe nan lòt; nou rankontre pèsonaj ki sanble tèt koupe, nan abiman, nan pawòl; nou rankontre sikonstans ki sanble yo donnen menm kote… e sa pèmèt nou idantifye modèl-tèm, modèl-pèsonaj, modèl-sikonstans.

Se depi nan Lea Kokoye Sixto fouye fondasyon pwojè etnografik la. Lea Kokoye se tankou bwa travès ki soutni tout chapant chato etnografik Sixto a. Chak tematik ki parèt nan Lea Kokoye, Sixto pral devlope yo pi devan nan yon istwa oubyen nan plizyè lòt istwa.

Pwojè Sixto a, se pa t fè moun rasanble pou l bay odyans, men se te on pwojè dekoud tout kouti fil blan sosyete nou an pou l wè sa k anba yo—on pwojè demonte tout sistèm leve-jwenn nou yo, pyès pa pyès, pou l etidye yo, pou l mete yo devan je nou.

Migrations insulaires

Migrations insulaires

Duel, duo, dialogue amoureux. Deux poètes éminents de la caraïbe ont choisi de jouer le jeu intégralement. Comme deux enfants innocents, ils n'ont que les mots pour le dire. Avec les mots on peut faire beaucoup de choses, y compris raconter, mais ce qu'ils ont choisi c'est de vous faire ressentir leurs émotions. Les poèmes donc s'entrechoquent, se complètent, se répondent et surtout s'engendrent les uns avec les autres dans une opacité totale. Si bien que nous ne savons plus qui parle et c'est très bien ainsi. Haïti et Guadeloupe, historiquement associés tissent un long et beau fil d'amour.
Ernest Pépin est un des poètes majeurs de nos îles. Il a fait œuvre conjointe avec Jeanie Bogart. À deux, ils ont osé l'indicible.

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 1

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 1

Fè on grenn atik diksyonè, se pa on jwèt. Se pa paske gen bezwen diksyonè ki fè nenpòt ki moun gen dwa pou yo fè on diksyonè. On diksyonè se on gwo zouti nan leve-jwenn on pèp, se on gwo anbasadè leve-jwenn pèp la. Se pa travay on grenn moun... On grenn moun gendwa gen lide a, volonte a, mwayen kòb, men li bezwen anpil koutmen. Se pa paske gen bezwen pou bay moun piki ki fè nenpòt ki moun pral pran sereng li... koumanse donmaje kretyen-vivan... Leve-jwenn on pèp se on bagay vivan, se pa on bagay yo mete nan on mize... Nou pa kapab jwe avèk li jan nou vle...

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 2

Dèyè Pawòl, Gen Pawòl - Pawoli 2

Lè n ap pale de kreyòl, n ap pale de on lang ki fin fòme, on lang ki majè granmoun. Li gendwa poko rive nan menm nivo devlopman sou plan vokabilè, sou plan gramè ak lang yo konsidere kòm gran lang yo; gendwa pa gen ase travay ki fèt pou montre ki jan gramè l mache, osnon diksyonè ki gen nanm sou yo tankou sa egziste nan gran lang yo; gendwa pifò moun k ap travay sou kreyòl se mèsenè lokal osnon entènasyonal ki enterese sèlman nan defann patat yo, asire pozisyon yo…
Gen on bagay ki parèt klè: pawoli ki soti nan nenpòt ki lang ki pou plizyè nan nou se on lang eritaj, pou yo ta vin tabli nan kreyòl, lang ki bay memwa nou kòm pèp fòm li genyen an, fòk gen on demach espesyal ki fèt, tankou lè gen pawoli ki al pran on paspò nan men Koupe Klouwe, Siksto, Moriso-Lewa, Koralen, pou m site kèk non, kidonk sanba lapawòl nou yo, on paspò ki pèmèt yo antre sou teritwa imaj, koulè, son ki defini nou kòm pèp.

bottom of page